91
 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan ✡ Sòm 17:8lonbraj Toupwisan an. 
 2 Mwen va di a SENYÈ a: 
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. 
Se nan Li mwen mete ✡ Sòm 25:2konfyans!” 
 3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a, 
ak ✡ I Wa 8:37 ravaj gwo maladi yo. 
 4 Li va ✡ És 51:16 kouvri ou ak plim Li yo. 
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj. 
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa. 
 5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni ✡ Sòm 64:4flèch k ap vole lajounen, 
 6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa, 
ni destriksyon ki devaste a midi. 
 7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou, 
ak di mil sou men agoch ou, 
men ✡ Jen 7:23 sa p ap pwoche ou. 
 8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou 
✡ Sòm 37:34 wè rekonpans a mechan yo. 
 9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin ✡ Sòm 91:2 sekou ou, 
menm Pi Wo a, kote pou ou rete. 
 10  ✡ Pwov 12:21 Nanpwen mal k ap rive ou, 
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou. 
 11 Paske Li va bay ✡ Sòm 34:7 zanj Li yo lòd konsènan ou menm, 
pou veye ou nan tout chemen ou yo. 
 12 Yo va ✡ Mat 4:6 leve ou byen wo nan men yo, 
pou ou pa frape pye ou kont wòch. 
 13 Ou va ✡ Jij 14:6 pile sou lyon an ak koulèv la. 
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt. 
 14 Paske li te renmen M konsa, 
pou sa, Mwen va delivre li. 
Mwen va ✡ Sòm 59:1 mete li byen solid an wo, 
akoz li te rekonèt non Mwen. 
 15 Li va ✡ Job 12:4 fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. 
Mwen va avèk Li nan tan twoub la. 
Mwen va delivre li e bay li lonè. 
 16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long, 
e kite li wè sali mwen.