17
Yon Priyè a David 
 1 Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. 
Prete zòrèy a lapriyè mwen, 
ki pa sòti nan ✡ És 29:13lèv k ap twonpe moun. 
 2 Kite ✡ Sòm 103:6pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; 
Kite zye Ou gade avèk jistis. 
 3 Ou te teste kè m. 
Ou te vizite mwen pandan lannwit. 
Ou te ✡ I Pi 1:7sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. 
Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò. 
 4 Alò, pou zèv a lòm yo, ✡ Sòm 119:9selon pawòl a lèv Ou yo, 
Mwen te evite chemen a vyolan yo. 
 5  ✡ Job 23:11Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. 
Pye mwen pat janm glise. 
 6 Mwen ✡ Sòm 86:7te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. 
Enkline zòrèy W bò kote m. 
Tande pawòl mwen yo. 
 7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, 
O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo. 
 8 Kenbe m tankou ✡ Det 32:10de zye nan tèt Ou. 
Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou, 
 9 kont mechan ki depouye m yo, 
✡ Sòm 31:20lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m. 
 10 Yo fin fèmen kè rèd yo. 
✡ Job 15:27Avèk bouch yo, yo pale awogans. 
 11 Koulye a, yo fin ✡ Sòm 88:17antoure nou pandan n ap mache. 
Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè. 
 12 Se tankou yon lyon ki anvi devore, 
tankou yon jenn lyon k ap ✡ Sòm 10:9 kache 
nan fènwa. 
 13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; 
Delivre nanm mwen de mechan yo avèk ✡ Sòm 22:20 nepe Ou, 
 14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, 
depi nan men lòm de mond sa yo, 
✡ Sòm 73:3-7k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. 
Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. 
Fis ou yo gen kont, 
e yo mete an rezèv pou pitit pa yo. 
 15 Pou mwen menm, mwen va ✡ Sòm 11:7wè figi Ou nan ladwati a; 
mwen va satisfè avèk vizaj Ou 
lè m ouvri zye m.