8
 1 Konsa, Bildad Schuach la, te reponn: 
 2 “Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo 
pou ✡ Job 6:26pawòl a bouch ou fè gwo van? 
 3 Èske ✡ Jen 18:25Bondye konn konwonpi jistis la? 
Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat? 
 4  ✡ Job 1:5-19Si fis ou yo te peche kont Li, 
alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo. 
 5 Si ou ta ✡ Job 5:17-27chache Bondye e mande 
konpasyon a Toupwisan an, 
 6 si ou te san tach e dwat; 
anverite, koulye a, 
✡ Job 22:27Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou 
jan ou te ye nan ladwati ou. 
 7 Malgre, kòmansman ou pa t remakab, 
ou ta ✡ Job 42:12fini avèk anpil gwo bagay. 
 8 “Souple, fè ✡ Det 4:32rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, 
e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve. 
 9 Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, 
e nou pa konnen anyen, 
paske ✡ Job 14:2jou pa nou yo sou latè 
se sèl yon lonbraj ki pase. 
 10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e 
fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt? 
 11 “Èske jon kab grandi san ma dlo? 
Èske wozo konn pouse san dlo? 
 12 Pandan li toujou vèt e san koupe a, 
l ap fennen avan tout lòt plant yo. 
 13 Se konsa chemen a ✡ Sòm 9:17tout moun ki bliye Bondye yo. 
Konsa espwa a moun enkwayan yo peri, 
 14 sila a ak konfyans frajil la 
kap mete konfyans li nan ✡ És 59:5-6 fil arenye a. 
 15 Arenye a mete konfyans sou ✡ Job 8:22lakay li, 
men li p ap kanpe. 
Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire. 
 16 Li ✡ Sòm 37:35byen reyisi nan solèy la e 
gaye toupatou nan jaden an. 
 17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch; 
li sezi yon kay wòch. 
 18 Si li vin deplase sou ✡ Job 7:10plas li, 
alò plas li va refize rekonèt li e di: 
“Mwen pa t janm wè w. 
 19 Gade byen, ✡ Job 20:5se sa ki fè lajwa chemen li; 
epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la. 
 20 “Alò, ✡ Job 4:7Bondye p ap rejte yon nonm entèg; 
ni li p ap bay soutyen a malfektè yo. 
 21 Jiska prezan, Li va ranpli ✡ Job 5:22bouch ou 
avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi. 
 22 Sila ki rayi ou yo va vin ✡ Sòm 132:18abiye ak wont 
e tant a mechan yo p ap la ankò.”