4
 1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn; 
 2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou, 
èske ou va pèdi pasyans? 
Men se ✡ Job 32:18-20kilès ki kab refize pale? 
 3 Gade byen, ✡ Job 4:3-4ou te enstwi anpil lòt moun; 
ou te ranfòse menm fèb yo. 
 4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe, 
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo. 
 5 Men koulye a, se sou ou sa rive, 
e ou ✡ Job 6:4pa gen pasyans. 
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt. 
 6 Èske se pa ✡ Job 1:1lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou, 
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou? 
 7 “Sonje byen ✡ Job 36:6-7se kilès ki kon peri inosan? 
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi? 
 8 Selon sa ke mwen menm te wè, ✡ Os 10:13 sila ki raboure inikite yo, 
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li. 
 9  ✡ És 11:4Pa souf Bondye, yo peri, 
e pa van chalè Li, yo fini nèt. 
 10  ✡ Job 5:15Gwo vwa a lyon fewòs la, 
vwa fewòs a lyon an, 
e dan a jenn lyon yo fin kase. 
 11  ✡ Job 29:17Pi gran lyon an peri paske li manke manje, 
e pitit li yo vin gaye. 
 12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen; 
zòrèy mwen te resevwa yon ✡ Job 26:14ti souf li. 
 13 Pami ✡ Job 33:15refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo, 
lè dòmi pwofon tonbe sou moun, 
 14 laperèz te vini sou mwen. 
Mwen te tranble e zo m yo te souke. 
 15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen; 
plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m. 
 16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li. 
Yon fòm te devan zye m. 
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa: 
 17 'Èske ✡ Job 9:2lòm kapab jis devan Bondye? 
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la? 
 18 Menm nan sèvitè Li yo, ✡ Job 15:15Li pa mete konfyans; 
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot. 
 19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, 
ki gen pousyè kon ✡ Jen 2:7fondasyon, 
ki vin kraze devan papiyon! 
 20  ✡ Job 14:2Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; 
san yo pa wè anyen, yo peri nèt. 
 21 Èske ✡ Job 8:22kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan? 
Yo mouri konsa, san sajès.'