EFEZYEN YO  
 1
 1 Paul ✡ II Kor 1:1yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo ✡ Kol 1:2ki fidèl nan Jésus Kri:  2  ✡ Wo 1:7Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri. 
 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a ✡ Ef 1:20nan lye selès an Kris yo.  4 Jis jan ✡ Ef 2:10Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,  5 li te ✡ Wo 8:29chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li.  6  ✡ Ef 1:12,14Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan ✡ Mat 3:17Li menm Ki Byeneme a.  7  ✡ Kol 1:14Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,  8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans,  9 li te ✡ Wo 11:25fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan,  10 avèk yon plan pou fè sa dewoule ✡ Mc 1:15lè tan an fin akonpli, pou ✡ Kol 1:16,20reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm  11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan ✡ Wo 8:28selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache ✡ Wo 9:11selon konsèy volonte pa Li,  12 afenke nou menm ki te premye espere nan ✡ Ef 1:6,14Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.  13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te ✡ Ef 4:30sele nan Li menm avèk ✡ Trav 2:33Lespri Sen a pwomès la,  14 ki ✡ II Kor 1:22bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li. 
 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou ✡ I Kor 1:4lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo,  16 m ✡ Wo 1:8pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè  17 ke ✡ Jn 20:17Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm.  18 M priye pou ✡ II Kor 4:6zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.  19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, ✡ Ef 3:7selon travay de fòs pouvwa Li a.  20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li ✡ Trav 2:24soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo,  21 pi wo anpil pase ✡ Mat 28:18tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.  22 Epi Li te ✡ Sòm 8:6mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,  23 ki se ✡ I Kor 12:27kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.