124
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. 
 1  ✡ Sòm 94:17Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, 
kite Israël di koulye a, 
 2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, 
lè lezòm te leve kont nou yo, 
 3 Alò, yo t ap gen tan fin ✡ Nonb 16:30vale nou tou vivan, 
lè kòlè yo te limen kont nou an. 
 4 Nan lè sa a, ✡ Job 22:11dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. 
Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou. 
 5 Nan lè sa a, ✡ Job 38:11dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou. 
 6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou ✡ Sòm 27:2chire nan dan yo. 
 7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo 
ki sòti nan ✡ Sòm 91:3pèlen a moun k ap fè lachas yo. 
Pèlen an fin kase e nou chape. 
 8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te 
✡ Jen 1:1fè syèl la ak tè a.