48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo. 
 1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, 
nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a. 
 2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, 
se Mòn Sion nan pati nò a, 
✡ Mat 5:35 Vil gran Wa a. 
 3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo. 
La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon ✡ Sòm 46:7refij. 
 4 Men gade, ✡ II Sam 10:6-19wa yo te rasanble yo. 
Yo pase akote vil la ansanm. 
 5 Yo te wè li, e yo te etone. 
Yo te ✡ Egz 15:15sezi nèt, yo te kouri nan laperèz. 
 6 La, yo pèdi ekilib yo nèt. 
Doulè ak sezisman te pran yo tankou ✡ És 13:8fanm k ap akouche. 
 7 Avèk ✡ Jr 18:17van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo. 
 8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè, 
nan vil SENYÈ dèzame yo, 
nan vil Bondye pa nou an. 
Bondye va ✡ Sòm 87:5etabli li nèt, jis pou tout tan. 
 9 Nou te reflechi sou ✡ Sòm 26:3lanmou dous 
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a. 
 10 Jan ✡ Det 28:58non Ou ye a, O Bondye, 
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a; 
Men dwat Ou plen ladwati. 
 11 Kite Mòn Sion fè kè kontan! 
Kite ✡ Sòm 97:8 fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo. 
 12 Mache toupatou nan Sion e antoure li. 
✡ Né 3:1-27Konte fò wo li yo. 
 13 Konsidere ranpa li yo. 
Antre nan palè li yo, pou ou kab 
✡ Sòm 78:5-7 pale jenerasyon k ap vini an. 
 14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. 
✡ Sòm 23:4Li va gide nou jiska lanmò.