23
Yon sòm David 
 1 Bondye se ✡ Éz 34:11-13bèje mwen; 
mwen p ap janm manke anyen. 
 2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. 
Li ✡ Rev 7:17mennen m akote dlo pezib yo. 
 3 Li restore nanm mwen. 
Li gide mwen nan ✡ Pwov 4:11 chemen ladwati yo, 
akoz non sen Li an. 
 4 Malgre mwen ta mache nan vale 
lonbraj lanmò a, 
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. 
✡ Mi 7:14 Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans. 
 5 Ou ranje yon tab devan mwen 
nan prezans lènmi mwen yo. 
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. 
✡ Sòm 16:5 Tas mwen fin debòde nèt. 
 6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou 
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, 
E mwen va ✡ Sòm 27:4-6viv lakay 
SENYÈ a jis pou tout tan.