4
 1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi ✡ Ef 6:9konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la. 
 2  ✡ Trav 1:14Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.  3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon ✡ Trav 14:27pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame ✡ Ef 3:3,4mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,  4 pou m kapab fè li klè ✡ Ef 6:20nan fason ke m ta dwe pale a. 
 5  ✡ Ef 5:15Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou ✡ Ef 5:16fè plis ke posib avèk tan an.  6  ✡ Ef 4:29Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun. 
 7  ✡ Kol 4:7-9; Ef 6:21-22Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou.  8  ✡ Ef 6:22Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab ✡ Kol 2:2ankouraje kè nou.  9 Epi avèk li ✡ Phm 10Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la. 
 10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a ✡ Trav 4:36Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).  11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye ✡ Trav 11:2ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil. 
 12  ✡ Kol 1:7Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.  13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki ✡ Kol 2:1Laodicée ak Hiérapolis yo.  14  ✡ II Tim 4:11Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou.  15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak ✡ Wo 16:5legliz ki lakay li a.  16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou ✡ I Tes 5:27li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a.  17 Epi di ✡ Phm 2Archippe, “Byen okipe ✡ II Tim 4:5èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”. 
 18 Mwen, Paul, mwen ✡ Fil 1:7ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje ✡ I Kor 16:21chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.