7
 1 Lè M ✡ Éz 24:13 ta geri blesi Israël, 
inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, 
ak mechanste a Samarie a tou; 
paske yo aji nan ✡ Os 4:2manti. 
Vòlè a antre, 
bandi yo atake pa deyò. 
 2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen 
✡ Sòm 25:7Sonje tout mechanste yo. 
Alò, zak yo ap antoure yo; 
yo devan figi Mwen. 
 3  ✡ Wo 1:32Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, 
epi prens yo, ak ✡ Os 4:2 manti yo. 
 4 Yo tout se ✡ Jr 9:2adiltè; 
yo tankou yon fou la 
ke bos boulanje sispann chofe, 
depi nan lè l ap petri Pat farin nan, 
jis rive lè pan an fin leve. 
 5 Nan jou a wa nou an, prens yo 
te fè tèt yo malad ak chalè diven an. 
Li te lonje men li ak mokè yo.✡ És 28:1,7 
 6 Paske kè yo vin tankou yon ✡ Sòm 21:9fou 
pandan y ap kouche tan moun. 
Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit. 
Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife. 
 7 Yo tout cho tankou yon fou. 
Yo manje ✡ Os 13:10jij yo. 
Tout wa yo fin tonbe. 
✡ És 64:7 Nanpwen youn pami yo ki rele M. 
 8 Éphraïm ✡ Sòm 106:35mele li menm ak nasyon yo. 
Éphraïm se yon gato ki pa t vire. 
 9 Etranje yo devore fòs li, 
men li pa wè sa a. 
Anplis, cheve blanch yo la sou li, 
men li pa konnen.✡ És 1:7 
 10 Malgre sa ✡ Os 5:5 ògèy Israël la fè temwaye kont li, 
✡ És 9:13men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. 
Ni yo pa chache Li, malgre tout sa. 
 11 Konsa, Éphraïm te vin tankou 
yon toutrèl egare, ✡ Os 4:6,11,14san bon sans. 
Yo rele vè Egypte. 
Yo ale ✡ Os 5:13 Assyrie. 
 12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. 
Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. 
Mwen va bay yo chatiman, 
jan kongregasyon yo a te tande a.✡ Éz 12:13; Lev 26:14-39 
 13 Malè a yo menm! 
Paske yo te ✡ Jr 14:10 gaye kite Mwen! 
Destriksyon pou yo menm, 
paske yo te fè rebèl kont Mwen! 
Mwen ✡ Jr 51:9ta rachte yo, 
men yo fè manti kont Mwen. 
 14  ✡ Job 35:9-11Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, 
men yo rele fò sou kabann yo. 
Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. 
Men yo ✡ Os 13:16 vire kite Mwen. 
 15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, 
malgre sa, yo ✡ Na 1:9 fè konplo pou mal kont Mwen. 
 16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a. 
Yo tankou yon banza k ap twonpe moun. 
Prens yo va tonbe devan nepe 
akoz ✡ Sòm 12:3,4; Éz 23:32ensolans a lang yo. 
Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.