33
 1 “Malgre sa, koulye a, Job, souple ✡ Job 13:6tande mesaj mwen an 
e koute tout pawòl mwen yo. 
 2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen. 
Se lang nan bouch mwen ki pale. 
 3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, 
e lèv mwen pale ✡ Job 6:28soti yon kè ki renmen verite a. 
 4 Se ✡ Jen 2:7Lespri Bondye ki te fè m, 
e souf Toupwisan an ki ban m lavi. 
 5  ✡ Job 33:32Di m se pa sa, si ou kapab. 
Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe. 
 6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou. 
Mwen menm tou te fèt ak ✡ Job 4:19ajil la. 
 7 Gade byen, se pa ✡ Job 13:21okenn krent mwen gen, 
ki ta bay ou laperèz, 
ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an, 
ke ou ta twouve chaj la lou. 
 8 “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande, 
e mwen te tande son a pawòl ou yo. 
 9 Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; 
mwen inosan e ✡ Job 10:14nanpwen koupabilite nan mwen. 
 10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen; 
Li ✡ Job 13:24kontwole m tankou lènmi. 
 11 Li ✡ Job 13:27mete pye mwen nan sèp; 
Li veye tout chemen mwen yo.’ 
 12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, ✡ Ekl 7:20ou pa gen rezon nan sa, 
paske Bondye pi gran ke lòm. 
 13 Poukisa ou ✡ Job 40:2plenyen kont Li 
ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo? 
 14 Anverite, ✡ Job 33:29Bondye pale yon fwa, oswa de fwa, 
men pèsòn pa okipe sa. 
 15 Nan yon ✡ Job 4:12-17rèv, yon vizyon nan nwit la, 
lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, 
pandan yo nan somèy sou kabann yo, 
 16 konsa, ✡ Job 36:10-15Li ouvri zòrèy a lòm 
e mete so sou enstriksyon yo, 
 17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li 
e anpeche li fè ògèy. 
 18 Konsa, Li ✡ Job 33:22-30pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la 
e lavi li pou l pa lantre ✡ Job 15:22nan Sejou Lanmò a. 
 19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman ✡ Job 30:17doulè sou kabann li; 
avèk plent san rete jis rive nan zo li; 
 20 jiskaske lavi li vin ✡ Job 3:24rayi pen, 
e nanm li, manje ke li te pi renmen an. 
 21  ✡ Job 16:8Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l 
e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt. 
 22  ✡ Job 33:18-28Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a 
e lavi li pwoche sila kap detwi yo. 
 23 “Si gen yon zanj pou ta ✡ Jen 40:8entèsede pou li, 
se tankou youn nan yon milye, 
ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li, 
 24 konsa, Bondye fè l gras. Li di l: 
‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a, 
Mwen te twouve yon ✡ Job 36:18racha.’ 
 25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li. 
Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo. 
 26 Konsa, li va ✡ Job 22:27priye a Bondye, 
e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa. 
Se konsa, Li restore ladwati a lòm. 
 27 Li va chante devan lèzòm. Li va di: 
“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat, 
e li pa t bon pou mwen. 
 28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a, 
e lavi m ✡ Job 22:28va wè limyè a.’ 
 29 “Gade byen, Bondye konn fè ✡ Ef 1:11tout bagay 
sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm, 
 30 pou ✡ Job 33:18mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a, 
pou l kab eklèsi ak limyè lavi a. 
 31 Prete atansyon, O Job, koute m byen; 
rete an silans e kite mwen pale. 
 32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen; 
pale, paske mwen vle ba ou rezon. 
 33 Men si non, koute mwen; 
rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”