31
 1 “Mwen te fè yon akò ak ✡ Mat 5:28zye m; 
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj? 
 2 Paske se kisa ki ✡ Job 20:29pòsyon Bondye soti anwo a, 
ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a? 
 3 Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, 
ak yon dezas pou ✡ Job 34:22sila ki fè inikite yo? 
 4 Èske Li pa ✡ II Kwo 16:9wè chemen mwen yo 
e kontwole tout pa mwen yo? 
 5 “Si mwen te ✡ Job 15:31mache nan sa ki fo, 
e pye m te kouri dèyè twonpe moun, 
 6 (kite Li ✡ Job 6:2-3peze mwen nan yon balans ki jis 
e kite Bondye konnen entegrite m). 
 7 Si pa m yo te ✡ Job 23:11vire kite chemen an, 
oswa kè m te swiv zye m, 
oswa si gen yon tach ki kole sou men m, 
 8 kite mwen ✡ Lev 26:16simen pou yon lòt ta manje, 
e kite tout sa m plante vin rache. 
 9 “Si kè m te ✡ Job 24:15sedwi pa yon fanm, 
oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen, 
 10 kite madanm mwen graje pou yon lòt 
e kite ✡ Det 28:30lòt yo vin kouche sou li. 
 11 Paske sa ta yon krim ✡ Lev 20:10sansyèl; 
anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije. 
 12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan ✡ Job 26:6 Sejou Lanmò yo 
e ta derasine tout byen mwen ranmase yo. 
 13 Si mwen te ✡ Det 24:14-15refize demand esklav mwen an, 
gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen, 
 14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? 
Konsa, lè L rele m pou jijman, 
ki repons mwen ta kab bay Li? 
 15 Èske ✡ Job 10:3Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? 
Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan? 
 16 Si mwen te ✡ Job 5:16anpeche malere yo nan dezi yo, 
oswa te fè zye a vèv la pa wè klè, 
 17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen 
san ✡ Job 29:12 òfelen an pa jwen ladann, 
 18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l 
e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la), 
 19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad, 
oswa ke ✡ Job 24:4sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l, 
 20 si kè li pa t beni m, 
si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an, 
 21 si mwen te leve men m kont ✡ Job 29:12òfelen an, 
akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la, 
 22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li, 
e ✡ Job 38:15bra m kase soti nan zo li. 
 23 Paske m pè anpil malè Bondye a. 
Li tèlman gran ak ✡ Job 13:11majeste, 
m pa ka fè anyen devan L. 
 24 Si se nan ✡ Job 22:24lò mwen te mete espwa m, 
pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’ 
 25 Si mwen te ✡ Job 1:3-10rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, 
e akoz men m te tèlman ranmase anpil; 
 26 si mwen te ✡ Det 4:19gade solèy la lè l t ap brile, 
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li, 
 27 epi kè m te vin sedwi an sekrè, 
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen, 
 28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman, 
paske mwen t ap ✡ Jos 24:27abandone Bondye anwo a. 
 29 Èske mwen te ✡ Pwov 17:5rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt? 
Oswa bat men m lè mal vin rive li? 
 30 Non, ✡ Sòm 7:4mwen pa t kite bouch mwen peche, 
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon. 
 31 Èske mesye nan tant mwen yo pa t di: 
‘Ou pa p twouve yon moun ki pa ✡ Job 22:7satisfè ak vyann pa li a?’ 
 32 Etranje a pa t rete deyò; 
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a. 
 33 Èske m te ✡ Jen 3:10kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? 
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen, 
 34 akoz mwen te ✡ Egz 23:2krent gwo foul la? 
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo, 
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò? 
 35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen! 
Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen! 
Mennen pwosè vèbal ke ✡ Job 27:7akizè a te ekri. 
 36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen; 
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn. 
 37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran. 
Tankou ✡ Job 1:3yon prens mwen ta parèt devan L. 
 38 Si menm ✡ Job 24:2teren mwen an rele kont mwen, 
e tout tranch li yo kriye ansanm; 
 39 si mwen te manje fwi li san lajan, 
oswa te ✡ I Wa 21:19kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo, 
 40 kite ✡ Job 32:13pikan yo grandi olye ble 
e zèb santi fò ranplase lòj la.” 
Pawòl yo a Job se fini.