26
 1 Epi Job te reponn: 
 2 Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo! 
Kèl sekou ou te bay a bra ki te ✡ Sòm 71:9san fòs la! 
 3 Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la! 
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans! 
 4 Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm? 
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm? 
 5  ✡ Job 3:13Lespri mò yo tranble anba dlo yo 
avèk tout sila ki rete ladann yo. 
 6 Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. 
✡ Job 28:22 Labim nan pa gen kouvèti. 
 7 Li ✡ Job 9:8lonje rale zetwal nò a sou espas vid. 
Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l. 
 8 Li ✡ Job 37:11vlope dlo yo nan nwaj Li yo, 
e nwaj la pa pete anba fòs yo. 
 9 Li fè ✡ Job 22:14kache figi gwo lalin nan 
e gaye nwaj Li sou li. 
 10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo, 
ak pou ✡ Job 38:19-24limit tenèb la ak limyè a. 
 11 Pilye syèl yo tanmen tranble, 
e yo etone lè L repwòche yo. 
 12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a, 
e ak bon konprann Li, li te brize ✡ És 51:15Rahab. 
 13 Ak souf Li, li dekore ✡ Job 9:8syèl yo. 
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a. 
 14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. 
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! 
Men tonnè pwisans Li an! 
Se kilès ki kab konprann li?