8
 1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va ✡ Éz 6:5mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo.  2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout ✡ II Wa 23:5lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.  3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se ✡ Job 3:21-22lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.  4 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, 
“ ‘Èske moun konn ✡ Pwov 24:16tonbe pou l pa leve ankò? 
Èske moun konn vire kite pou l pa retounen 
 5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te ✡ Jr 5:6vire akote nan enfidelite san rete a? 
Yo kenbe rèd a desepsyon. 
Yo refize retounen. 
 6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; 
✡ Éz 22:30okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: 
‘Kisa mwen te fè la a?’ 
Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, 
tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay. 
 7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. 
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; 
men ✡ Pwov 6:6-8pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a. 
 8  ✡ Job 5:12-13“ ‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, 
epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” 
Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti. 
 9 Mesye saj yo ✡ És 19:11vin wont, yo vin deranje e sezi. 
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. 
Ki kalite sajès ka rete nan yo? 
 10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun, 
ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo. 
Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an, 
yo tout ✡ És 56:11lanvi gen sa ki pou lòt. 
Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon. 
 11 Yo ✡ Jr 6:4fè gerizon pèp Mwen an ak pansma lejè. 
Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè. 
 12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? 
Anverite, yo pa t wont. 
Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. 
Akoz sa, yo va ✡ És 9:14tonbe pami sila k ap tonbe yo. 
Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a. 
 13  ✡ Jr 14:12“ ‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a. 
P ap gen rezen sou chan rezen an, 
ni fig sou pye figye etranje a. 
Fèy yo va fennen, 
epi sa ke M te bay yo va disparèt.’ ” 
 14 “Poukisa nou chita an plas? 
Rasanble nou! 
Annou antre nan vil fòtifye yo, 
epi la, annou rete an silans; 
paske SENYÈ a, Bondye nou an, 
te fè nou tonbe an silans. 
Li te bannou ✡ Det 29:18dlo anpwazone pou nou bwè, 
paske nou te peche kont SENYÈ a. 
 15 Nou ✡ Jr 8:11te tann lapè, men anyen bon pa t vini; 
yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz. 
 16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. 
Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; 
paske yo te vini ✡ Jr 3:24devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, 
vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann. 
 17 “Paske gade byen, Mwen ap ✡ Nonb 21:6voye sèpan yo kont nou, 
vipè yo ki p ap ka chame; 
e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a. 
 18 Tristès Mwen depase gerizon; 
✡ Jr 23:9kè M fennen anndan m! 
 19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an 
soti nan yon peyi byen lwen: 
“Èske SENYÈ a pa nan Sion? 
Èske wa li a pa nan li?” 
“Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; 
ak ✡ Sòm 31:6zidòl etranje yo?” 
 20 “Rekòlt la fin pase. 
Gran sezon an fini, 
e nou poko sove.” 
 21 Akoz fi a pèp mwen an brize, 
mwen menm brize tou; 
mwen fè dèy konsi pou yon mò. 
Mwen kraze ba nèt. 
 22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? 
Èske nanpwen doktè la? 
Alò ✡ Jr 14:19poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?