110
Yon Sòm David 
 1  ✡ Mat 22:44SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen 
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.” 
 2 SENYÈ a va lonje ✡ Sòm 45:6baton wayal Ou a soti nan Sion e di: 
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”. 
 3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. 
Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; 
ak jennes Ou, tankou ✡ II Sam 17:12lawouzaj gran maten an. 
 4 SENYÈ a fin sèmante. Li ✡ Nonb 23:19p ap chanje panse L: 
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.” 
 5 SENYÈ a sou men dwat ou. 
Li va ✡ Sòm 68:14kraze wa yo nan jou kòlè Li a. 
 6 Li va ✡ És 2:4jije pami nasyon yo. 
Li fè gwo pil kadav yo, 
Li va brize tèt a chèf tout latè a. 
 7 Li va ✡ Jij 7:5-6bwè nan flèv pandan L an wout; 
konsa, Li va leve tèt Li wo.