101
Yon Sòm David 
 1 Mwen va ✡ Sòm 51:14 chante de lanmou dous avèk jistis. 
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj. 
 2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. 
Kilè Ou va vini kote mwen? 
Mwen va mache anndan lakay mwen ak ✡ I Wa 9:4entegrite nan kè m. 
 3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. 
Mwen rayi zèv a sila ki ✡ Jos 23:6 chite yo. 
Sa p ap tache men l sou mwen. 
 4 Yon ✡ Pwov 11:20 kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. 
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal. 
 5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, 
li menm, mwen va detwi. 
Nenpòt moun ak ✡ Sòm 10:4rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li. 
 6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. 
Sila ki mache nan chemen ✡ Sòm 119:1 san fot la, se li menm 
ki va sèvitè mwen. 
 7 Sila ki ✡ Sòm 43:1pratike manti p ap rete lakay mwen. 
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m. 
 8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo, 
Pou m kab ✡ Sòm 118:10-12koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.