64
Pou direktè koral la. Yon Sòm David. 
 1 Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. 
✡ Sòm 140:1Konsève lavi m kont laperèz lènmi an. 
 2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, 
kont boulvèsman a ✡ Sòm 59:2sila ki fè mechanste yo. 
 3 Ki te file lang yo tankou nepe. 
Yo te pwente flèch pawòl anmè yo, 
 4 pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo. 
Sibitman yo tire sou li, san lakrent. 
 5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. 
Yo pale sou ✡ Sòm 140:5 pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. 
Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?” 
 6 Yo fè manèv pou enjistis e di: 
“Nou prè pou yon konplo byen fòme”. 
Paske panse lenteryè a moun se byen fon. 
 7 Men ✡ Sòm 7:12-13 Bondye va tire sou yo avèk yon flèch. 
Sibitman, yo va blese. 
 8 Konsa, yo va ✡ Sòm 9:3 chape tonbe. 
Pwòp lang pa yo va kont yo. 
Tout moun ki wè yo va souke tèt yo. 
 9 Nan moman sa a, tout moun va krent. 
Konsa, yo va ✡ Jr 51:10 deklare zèv Bondye yo. 
Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a. 
 10 Nonm ladwati a va ✡ Job 22:19 kontan nan SENYÈ a! 
Yo va pran refij nan Li, 
epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.