24
Yon sòm David 
 1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk ✡ I Kor 10:26tout sa ki ladann; 
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo. 
 2 Li te ✡ Sòm 104:3-5fonde li sou lanmè yo, 
e te etabli li sou rivyè yo. 
 3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a? 
Epi kilès ki kab kanpe nan ✡ Sòm 65:4lye sen pa Li an? 
 4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, 
ki pa ✡ Éz 18:15leve nanm li vè sa ki fo, 
ni ki pa fè fo temwayaj. 
 5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a, 
ak ✡ Sòm 36:10ladwati soti nan Bondye delivrans li an. 
 6 Sa se jenerasyon a sila k ap ✡ Sòm 27:4-8chache Li yo, 
ka p chache figi Ou—menm Jacob. 
Tan
  7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo! 
Leve wo, o pòt ansyen yo! 
Pou Wa ✡ Trav 7:2glwa la kapab antre! 
 8 Se kilès ki Wa a glwa a? 
SENYÈ fò e pwisan an, 
SENYÈ a ✡ Sòm 76:3-6pwisan nan batay la. 
 9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo! 
Leve wo, O pòt ansyen yo! 
Pou Wa ✡ Sòm 26:8glwa la kapab antre! 
 10 Se kilès ki Wa glwa a? 
SENYÈ dèzame ✡ II Sam 5:10 yo! 
Se Li menm ki Wa glwa a. 
Tan.