10
 1 Mouch mouri bay 
✡ Egz 30:25lwil pafen yon move odè; 
Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa 
pou depase sajès ak respè. 
 2 Kè a yon moun saj mennen li adwat, 
men ✡ Mat 6:33kè a moun san konprann nan 
mennen l agoch. 
 3 Menm lè ensanse a mache nan lari 
li manke bon tèt. 
Li ✡ Pwov 13:16montre tout moun ke 
se moun fou li ye. 
 4 Si kòlè a wa a vin monte kont ou, 
pa abandone pozisyon ou; 
paske rete kalm ka evite gwo ofans. 
 5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——  6  ✡ Est 3:1-5Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.  7 Mwen konn wè esklav ki ✡ Est 6:8-10monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav.  8  ✡ Sòm 7:15Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.  9 Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.  10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi! 
 11 Si sèpan an mòde ✡ Sòm 58:4-5avan li vin chame, nanpwen pwofi.  12  ✡ Pwov 10:32Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;  13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen ✡ Ekl 7:25mechanste ak betiz.  14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. 
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li ✡ Ekl 3:22sa ki va rive apre li.  15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la. 
 16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; 
ak prens yo k ap fè fèt granmaten. 
 17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a 
ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs, 
e non pou fè ✡ Pwov 31:4banbòch vin sou. 
 18 Akoz ✡ Pwov 24:30-34parès ak neglijans, twati a vin pann, 
e nan enpridans kay la vin koule. 
 19 Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, 
✡ Jij 9:13diven pou fè kè kontan; 
epi lajan se repons pou tout bagay. 
 20 Anplis, nan chanm a kouche ou, pa ✡ Egz 22:28bay wa a madichon; 
e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. 
Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, 
e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.