31
 1 Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a: 
 2 “O fis mwen an! 
O fis a vant mwen an! 
O fis a ve mwen yo! 
 3  ✡ Pwov 5:9Pa bay fòs ou a fanm, 
ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo. 
 4 Se pa pou ✡ Ekl 10:17wa yo, O Lemuel, 
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven, 
 5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, 
e ✡ Egz 23:6tòde dwa a sila ki aflije yo. 
 6 Bay bwason fò a sila k ap ✡ Job 29:13peri a, 
ak diven a sila ki gen lavi anmè a. 
 7 Kite li bwè pou bliye mizè li 
e pa sonje pwoblèm li ankò. 
 8  ✡ Job 29:12-17Ouvri bouch ou pou bèbè a; 
pou dwa yo a tout sila ki san sekou. 
 9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, 
e defann ✡ És 1:17 dwa a aflije yo ak endijan an.” 
 10 Yon ✡ Rt 3:11madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li? 
Paske valè li depase bijou. 
 11 Kè a mari li mete konfyans nan li 
e li p ap manke reyisi. 
 12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal 
pandan tout jou lavi li. 
 13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan. 
 14 Li tankou bato komès; 
li mennen manje li soti byen lwen. 
 15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou 
✡ Luc 12:42bay manje a tout lakay li, 
ak yon pòsyon pou sèvant li yo. 
 16 Li konsidere yon chan e achte li. 
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen. 
 17 Li ✡ I Wa 18:46mare senti l ak gwo fòs 
pou fè bra li vin fò. 
 18 Li santi ke siksè li bon; 
lanp li pa janm etenn lannwit. 
 19 Li lonje men l vè aparèy tise a 
e men l kenbe l. 
 20 Li ✡ Det 15:11lonje men l vè pòv yo 
avèk sila ki gen bezwen an. 
 21 Lakay li pa fè krent pou lanèj, 
paske tout lakay ✡ II Sam 1:24 abiye an wouj. 
 22 Li fè ✡ Pwov 7:16kouvèti pou tèt li; 
tout vètman li se twal fen blan ak mov. 
 23 Mari li byen rekonèt ✡ Det 16:18nan pòtay lavil yo, 
lè l chita pami ansyen a peyi yo. 
 24 Li fè ✡ Jij 14:12vètman an len pou vann yo, 
e founi sentiwon a tout komèsan yo. 
 25 Fòs ak ✡ I Tim 2:9-10respè se abiman li 
e li souri a lavni. 
 26 Li ✡ Pwov 10:31ouvri bouch li avèk sajès 
e enstriksyon ladousè sou lang li. 
 27 Li gade byen tout afè lakay li 
e li pa manje ✡ Pwov 15:19pen laparès. 
 28 Pitit li yo leve e beni li; 
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l: 
 29 “Anpil fi te fè byen bon; 
men ou pi bon anpil pase yo tout.” 
 30 Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; 
men se fanm nan ki ✡ Sòm 112:1krent SENYÈ a 
k ap resevwa lwanj. 
 31 Ba li sa ke men l te pwodwi, 
epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.