4
 1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou ✡ Wo 1:3selon lachè te jwenn kon jijman?  2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men ✡ I Kwo 1:31pa devan Bondye.  3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: ✡ Jen 15:6 “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.”  4 Alò, nou konnen ke sila ki ✡ Wo 11:6travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite.  5 Men pou sila ki pa travay la, men ✡ Jn 6:29kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.  6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo: 
 7  ✡ Sòm 32:1“Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo, 
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri. 
 8  ✡ Sòm 32:2Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.” 
 9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: ✡ Jen 15:6“Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.”  10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a!  11 Li te ✡ Jen 17:10resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a ✡ Wo 3:22tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.  12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a. 
 13 Paske pwomès a Abraham ak ✡ Jen 17:4-6desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a.  14 Paske ✡ Gal 3:8si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile.  15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men ✡ Wo 3:20kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon. 
 16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa ✡ Wo 3:24gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a ✡ Gal 3:7sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.  17 Jan sa ekri a: ✡ Jen 17:5“Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo.  18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: ✡ Jen 15:5“Se konsa tout desandan ou yo va ye”.  19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske ✡ Jen 17:17li te gen anviwon san lane e ✡ Jen 18:11vant Sarah a te esteril akoz laj li. 
 20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e ✡ Mat 9:8te toujou bay Bondye lwanj.  21  ✡ Wo 14:5Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.  22 Donk ✡ Jen 15:6sa te konte osi pou li kòm ladwati.  23 Se ✡ Wo 15:4pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li,  24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ✡ Wo 10:9ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò.  25 Li menm ki te ✡ És 53:4; 55livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.