111
 1 Louwe SENYÈ a! 
Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, 
✡ Sòm 89:7Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a. 
 2  ✡ Sòm 92:5Gran se zèv a SENYÈ yo! 
Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo. 
 3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. 
Ladwati Li dire jis pou tout tan. 
 4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. 
SENYÈ a ✡ Sòm 86:5-17ranpli ak gras avèk mizerikòd. 
 5 Li te ✡ Mat 6:31-33bay manje a sila ki gen lakrent Li yo. 
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan. 
 6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo, 
lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj. 
 7 Zèv men Li yo se ✡ Rev 13:3verite avèk jistis. 
Tout prensip Li yo vrè. 
 8 Yo va ✡ Sòm 119:160andire jis pou tout tan. 
Yo fèt nan verite avèk ladwati. 
 9 Li te voye ✡ Luc 1:69delivrans a pèp Li a. 
Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. 
Sen e mèvèye, se non Li. 
 10  ✡ Job 28:28Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. 
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. 
Lwanj Li dire jis pou tout tan!