52
Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.” 
 1 Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? 
Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen. 
 2 Lang ou envante destriksyon, 
tankou yon razwa ki file, plen desepsyon. 
 3 Ou ✡ Sòm 36:4renmen mechanste plis pase sa ki bon. 
Fo bagay plis pase pale verite a. 
 4 Ou renmen tout pawòl ki devore, 
yon lang ✡ Sòm 120:3mantè. 
 5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt; 
Li va kenbe ou byen vit e ✡ És 22:18-19chire fè ou 
sòti nan tant ou an, 
Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. 
Tan
  6 Moun dwat yo va ✡ Sòm 37:34wè, va gen lakrent; 
yo va ri sou li epi di: 
 7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, 
men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. 
Li te ranfòse tèt li ak mechanste.” 
 8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. 
Mwen mete ✡ Sòm 13:5 konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a 
pou tout tan e pou tout tan. 
 9 Mwen va ✡ Sòm 30:12bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. 
Mwen va mete espwa nan non Ou, 
paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.