45
Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo. 
Yon Chanson Fèt Maryaj 
 1 Kè m debòde avèk yon bèl sijè. 
Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. 
Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare. 
 2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. 
✡ Luc 4:22Lagras debòde sou lèv ou. 
Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan. 
 3 Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an, 
nan bèlte Ou avèk majeste Ou! 
 4 Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. 
Pou koz verite avèk ✡ So 2:3imilite, avèk ladwati, 
kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo. 
 5 Flèch Ou yo filè. 
Tout nasyon yo tonbe anba Ou, 
epi flèch Ou yo ✡ II Sam 18:14 lantre nan kè lènmi a Wa a. 
 6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; 
Baton ✡ Sòm 98:9 ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an. 
 7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. 
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, 
te ✡ Sòm 2:2onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo. 
 8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl. 
Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan. 
 9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo. 
Sou ✡ I Wa 2:19men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a. 
 10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. 
✡ Det 21:13Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou. 
 11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou. 
Akoz li se senyè ou, ✡ Ef 5:33vin bese ba devan L. 
 12 Fi ✡ Sòm 87:4Tyr la va vini avèk yon kado. 
Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou. 
 13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan. 
Vètman li ✡ Egz 39:2-3trese antre sòti avèk lò. 
 14 Li va ✡ So 1:4mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri. 
Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou. 
 15 Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans. 
Yo va antre nan palè a wa a. 
 16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo. 
Ou va fè yo prens sou tout latè. 
 17 Mwen va fè ✡ Mal 1:11non Ou sonje nan tout jenerasyon yo. 
Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou 
remèsiman pou tout tan e pou tout tan.