33
 1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! 
Lwanj ✡ Sòm 92:1bèl lè l sòti nan moun ki dwat. 
 2  ✡ Sòm 71:22Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita. 
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd. 
 3 Chante a Li menm yon chan tounèf. 
Jwe ak kapasite e fò avèk yon ✡ Sòm 98:4gwo kri lajwa. 
 4 Paske pawòl SENYÈ a dwat. 
Tout zèv Li yo fèt ✡ Sòm 119:90 avèk fidelite. 
 5 Li ✡ Sòm 11:7renmen ladwati avèk jistis. 
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a. 
 6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: 
pa souf a bouch Li, ✡ Jen 2:1tout lame syèl yo. 
 7 Li ranmase tout ✡ Egz 15:8dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. 
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo. 
 8 Kite ✡ Sòm 67:7tout latè krent SENYÈ a. 
Kite tout sila ki rete nan mond lan 
kanpe etone nèt pa Li menm. 
 9 Paske ✡ Jen 1:3Li te pale e mond lan te fèt. 
Li te kòmande e li te kanpe fèm. 
 10 SENYÈ a ✡ Sòm 2:1-3ranvèse konsèy a nasyon yo. 
Li anile pwojè a pèp yo. 
 11  ✡ Job 23:12Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan, 
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon. 
 12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo, 
 13 pèp ke Li te ✡ Egz 19:5 chwazi pou pwòp eritaj Li a. 
SENYÈ a ✡ Job 28:24gade depi nan syèl la. 
Li wè tout fis a lòm yo. 
 14 Soti nan ✡ I Wa 8:39-43abitasyon Li an, 
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo. 
 15 Li menm ki ✡ Job 10:8fòme kè a yo tout, 
Li menm ki konprann tout zèv yo. 
 16  ✡ Sòm 44:6Wa a pa sove pa yon lame pwisan. 
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li. 
 17 Yon cheval se yon ✡ Sòm 20:7fo espwa pou viktwa a, 
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li. 
 18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, 
sou sila ki ✡ Sòm 32:10mete espwa yo nan lanmou dous Li a, 
 19 pou ✡ Sòm 56:13delivre nanm pa yo devan lanmò, 
e kenbe yo vivan nan gwo grangou. 
 20 Nanm nou ✡ És 8:17ap tann SENYÈ a. 
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou. 
 21 Paske ✡ Za 10:7kè nou rejwi nan Li, akoz 
nou mete konfyans nou nan sen non Li. 
 22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou, 
selon esperans ke nou te mete nan Ou a.