15
 1 Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li ✡ Jen 38:17 avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.” 
Men papa li pa t kite li antre.  2 Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen ✡ Jij 14:2te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.” 
 3 Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.”  4 Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo.  5 Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi. 
 6 Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” 
Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te ✡ Jij 14:15brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife. 
 7 Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.”  8 Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.  9 Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi. 
 10 Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?” 
Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.” 
 11 Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ✡ Lev 26:25ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?” 
Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.” 
 12 Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo: 
“Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.” 
 13 Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la. 
 14 Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi ✡ Jij 14:19Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.  15 Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te ✡ Lev 26:8touye mil lòm avèk li.  16 Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.”  17 Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi. 
 18 Alò, li te vin swaf. Li te ✡ Jij 16:31rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?” 
 19 Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a.  20 Epi ✡ Jij 16:31 li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.