13
 1  ✡ Job 29:21,22Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. 
Li te leve tèt li wo an Israël; 
men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri. 
 2 Epi koulye a, yo peche plis toujou, 
e yo fè pou tèt yo ✡ És 46:6imaj fonn an ajan, 
menm zidòl yo selon jan yo konprann. 
Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. 
Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ✡ Os 8:5,6 ti bèf yo!” 
 3 Akoz sa, yo va tankou ✡ Os 6:4nwaj nan maten an 
ak lawouze k ap disparèt bonè, 
tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, 
e tankou ✡ Sòm 68:2 Lafimen soti nan chemine. 
 4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou, 
depi nan peyi Égypte la; 
epi ou pa pou konnen ✡ Egz 20:3okenn dye 
sof ke Mwen; 
paske nanpwen sovè ✡ És 43:11 sof ke Mwen. 
 5 Mwen te ✡ Det 2:7pran swen ou nan dezè a, 
nan peyi sechrès la. 
 6 Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè; 
yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye. 
Konsa, yo te bliye Mwen.✡ Os 7:14; Os 2:13 
 7 Akoz sa, Mwen va vin ✡ Lam 3:10 tankou yon lyon anvè yo. 
Kon yon ✡ Jr 5:6leyopa, Mwen va kouche 
an kachèt bò chemen an. 
 8 Mwen va rankontre yo ✡ II Sam 17:8 kon yon lous 
ki fenk fin pèdi pitit li, 
e mwen va chire lestomak yo nèt. 
Sou plas, Mwen va ✡ Sòm 50:22devore yo tankou 
yon manman lyon, 
jan yon bèt sovaj ta chire yo. 
 9 Se destriksyon pa w, O Israël! 
Akoz ou kont Mwen, kont ✡ Det 33:26,29 sekou ou. 
 10 Kote ✡ II Wa 17:4 wa ou a koulye a, 
pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo? 
Ak ✡ I Sam 8:5,6jij ke ou te mande yo: “Ban mwen 
yon wa ak prens yo”? 
 11 Mwen ✡ I Sam 8:7te bay ou yon wa nan kòlè Mwen, 
e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen. 
 12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt; 
peche li vin ✡ Det 32:34,35 mete nan depo. 
 13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li; 
se pa ✡ Det 32:6 yon fis ki saj, k ap rete nan vant 
ki ouvri e k ap tann li soti a. 
 14 Mwen va rachte yo soti 
anba pouvwa a Sejou mò yo; 
mwen va ✡ Sòm 49:15 rachte yo soti anba lanmò. 
O lanmò! Kote pikan ou yo? 
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? 
Repantans va vin kache devan zye M. 
 15 Malgre li pote fwi pami frè li yo, 
yon ✡ Jen 41:6 van nan lès va vini; 
van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. 
Sous dlo li va vin sèch, 
e fontèn dlo li va seche. 
Li va ✡ Jr 20:5 piyaje trezò tout bagay ki gen valè. 
 16 Samarie va pote ✡ Os 10:2koupabilite li, 
paske li te ✡ Os 7:14fè rebèl kont Bondye li a. 
Yo va tonbe pa nepe. 
Timoun piti yo va vin kraze an mòso, 
epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.