11
 1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; 
epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.✡ Os 2:15 
 2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo. 
Yo te kontinye ✡ Os 2:13fè sakrifis bay Baal yo, 
e ✡ És 65:7 brile lansan bay zidòl yo. 
 3 Malgre sa, se te Mwen 
ki te montre Éphraïm jan pou l mache. 
Nan bra M, Mwen te pran yo; 
men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo. 
 4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, 
ak lyann lanmou. 
Konsa, ✡ Lev 26:13; Egz 16:32Mwen te vini pou yo 
kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. 
Mwen te bese mete manje devan yo. 
 5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte, 
men Wa Assyrie a va vin wa yo, 
akoz yo te ✡ Os 7:16 refize retounen kote Mwen. 
 6 Nepe va tonbe kont vil yo, 
pou kraze pòtay ak fè fòje yo, 
e li va ✡ Lam 2:9fè tout plan yo disparèt. 
 7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou ✡ Jr 3:6,7 vire kite Mwen. 
Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, 
anverite, yo p ap egzalte. 
 8  ✡ Os 6:4 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? 
Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? 
Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? 
Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou ✡ Jen 14:8Tseboïm? 
Kè M vire nèt anndan M; 
konpasyon Mwen vin anflame. 
 9 Mwen ✡ Det 13:17 p ap egzekite chalè kòlè Mwen; 
Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. 
Paske ✡ Nonb 23:19se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; 
Sila Ki Sen nan mitan nou an 
e Mwen p ap antre nan kòlè. 
 10 Yo va ✡ Os 3:5mache dèyè SENYÈ a, 
Li va gwonde kon yon lyon; 
Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, 
ap ✡ És 66:2,5 tranble soti nan lwès. 
 11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte, 
e kon toutrèl soti nan peyi ✡ És 11:11; Éz 28:25,26Assyrie; 
epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a. 
 12 Éphraïm antoure Mwen ak ✡ Os 4:2manti, 
e lakay Israël ak desepsyon. 
Men anplis, Juda toujou egare, 
kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.