3
 1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan ✡ Trav 17:15Athènes sèl.  2 Konsa, nou te voye ✡ II Kor 1:1Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,  3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke ✡ Trav 9:16nou te destine pou sa.  4 Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, ✡ I Tes 2:14e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an. 
 5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou ✡ Mat 4:3tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou ✡ II Kwo 6:1travay nou an ta anven. 
 6 Men koulye a, ke ✡ Trav 18:5Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de ✡ I Tes 1:3lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a.  7 Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou.  8 Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou ✡ I Kwo 16:13kanpe fèm nan Senyè a. 
 9 Paske ✡ I Tes 1:2ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm?  10 Antretan ✡ II Tim 1:3lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab ✡ II Kor 13:9konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou. 
 11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an ✡ I Tes 5:23Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm.  12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ✡ Fil 1:9ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an.  13 Pou Li kapab ✡ I Kor 1:8etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.